bible.software › 1 Kings › 1 Kings 17 › 1 Kings 17:11
1 Kings 17:11
Madanm lan fè sa pou l' al chache dlo a, Eli rele l' ankò, li di l' konsa: -Tanpri, pote yon moso pen pou mwen tou.
Bib La
In The King James Version
And as she was going to fetch it, he called to her, and said, Bring me, I pray thee, a morsel of bread in thine hand.
In Context
10Se konsa Eli leve vre, li pati pou lavil Sarepta. Lè li rive bò pòtay lavil la, li wè yon fanm vèv ki t'ap ranmase bwa. Li rele l', li di l' konsa: -Tanpri, pote ti gout dlo nan yon veso pou m' bwè.
12Madanm lan reponn li: -Mwen pran Seyè a, Bondye ou la ki vivan an, pou temwen, mwen pa gen pen tou kwit lakay mwen. Tou sa m' genyen se yon ponyen farin frans nan yon ti bòl ak tigout lwil nan yon boutèy. Mwen vin ranmase de ti bwa la a pou m' al pare ti sa ki rete m' lan pou mwen ak pitit gason m' lan. Lè n'a fin manje l', nou pral rete konsa jouk grangou touye nou.
Read all of 1 Kings 17
Cross References
Genesis 24:18Rebeka reponn li: -Wi. Bwè non, msye. Li desann krich la soti sou zepòl li, li kenbe l' nan men l' pou fè nonm lan bwè.
1 Kings 18:4Lè larenn Jezabèl t'ap fè touye pwofèt Seyè yo, li menm Abdyas te sove san (0100) ladan yo. Li te kache yo nan de gwòt, li te mete senkant nan chak gwòt. Lèfini, li ba yo manje, li ba yo bwè.
Matthew 25:35Mwen te grangou, nou ban m' manje; mwen te swaf dlo, nou ban m' bwè. Mwen te lwen peyi m', nou te resevwa m' lakay nou.
This Verse In Other Editions
Study 1 Kings 17:11