Matie 25:35
Mwen te grangou, nou ban m' manje; mwen te swaf dlo, nou ban m' bwè. Mwen te lwen peyi m', nou te resevwa m' lakay nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 18:2Abraram leve je l', li rete konsa li wè twa mesye kanpe devan li toupre pyebwa yo. Wè li wè yo, li leve nan papòt la, li kouri al jwenn yo, li bese tèt li jouk atè pou l' di yo bonjou.
Deuteronomy 15:7Si ta gen yon pòv nan mitan moun pèp Izrayèl parèy nou yo k'ap viv nan yonn nan lavil nan peyi Seyè a te ban nou an, pa fèmen kè nou, pa refize lonje men bay frè nou ki nan nesesite.
Job 29:13Moun ki te nan pi gwo mizè t'ap fè lwanj mwen. Mwen te fè kè vèv yo kontan.
Job 31:32Vwayajè pa janm dòmi deyò nan lari. Pòt kay mwen toujou louvri pou yo.
Proverbs 3:9Fè wè jan ou gen respè pou Seyè a: ba li nan tou sa ou genyen, ofri l' premye donn ou rekòlte nan jaden ou.
Proverbs 14:21Se yon peche ou fè lè ou meprize frè parèy ou. Men, ala bon sa bon pou moun ki gen pitye pou pòv malere!