1 Kings 17:15
Madanm lan ale, li fè sa Eli te di l' fè a. Se konsa pandan lontan, ni madanm lan, ni pitit gason l' lan, ni Eli, yo tout jwenn manje pou yo manje.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 6:22Se konsa Noe fè tout sa Bondye te ba li lòd fè a. Wi, se sa menm li te fè.
Genesis 22:3Nan denmen maten, bonè bonè, Abraram leve, li sele bourik li, li pran Izarak ansanm ak de nan domestik li yo. Li fann kèk moso bwa pou l' fè dife pou boule vyann bèt l'ap ofri a. Epi li pati nan direksyon kote Bondye te di l' la.
2 Chronicles 20:20Nan denmen maten, byen bonè, pèp la leve, li pati pou dezè Tekoa a. Le yo tapral leve lamach, Jozafa pale ak yo, li di konsa: -Nou menm moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm, koute sa m'ap di nou! Mete konfyans nou nan Seyè a, Bondye nou an! Nou p'ap vole gadjè. Se pou nou kwè sa pwofèt li yo di nou an. N'ap genyen batay la.
Mark 12:43Lè sa a Jezi rele disip li yo, li di yo; -Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Pòv vèv sa a bay plis pase tout moun ki mete ofrann nan bwat la.
Romans 4:19Lè sa a, Abraram te prèt pou gen santan sou tèt li. Men, konfyans li pa t' febli lè l' te gade kò l' ki te fin ale, epi pou l' te wè Sara, madanm li, ki pa t' ka fè pitit ankò.
Hebrews 11:17Se paske Abraram te gen konfyans nan Bondye kifè li te asepte touye Izarak tankou yon ofrann bèt bay Bondye, lè Bondye te vle wè jouk ki bò konfyans li t'ap rive a. Abraram te tou pare pou l' te ofri bay Bondye sèl pitit gason Bondye te pwomèt li a.