Hebrews 11:17
Se paske Abraram te gen konfyans nan Bondye kifè li te asepte touye Izarak tankou yon ofrann bèt bay Bondye, lè Bondye te vle wè jouk ki bò konfyans li t'ap rive a. Abraram te tou pare pou l' te ofri bay Bondye sèl pitit gason Bondye te pwomèt li a.
Bib La
In The King James Version
In Context
18Bondye te di l' konsa: Se Izarak ki pral ba ou anpil pitit pitit.
Cross References
Genesis 22:16-Mwen sèmante sou tèt mwen. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Mwen gen pou m' beni ou anpil poutèt sa ou fè a. Ou pa t' refize ban mwen pitit ou a, sèl pitit gason ou genyen an.
2 Chronicles 32:31Se konsa, lè wa Babilòn yo te voye delege bò kote l' pou wè kalite mirak ki te fèt nan peyi a, Bondye te kite l' pou kont li pou sonde l', pou l' te ka konnen sa ki te nan kè li.
Job 2:3Seyè a di Satan konsa: -Eske ou te wè Jòb, sèvitè m' lan? Pa gen tankou l' sou tout latè. Se yon nonm san repwòch ki mache dwat nan tou sa l'ap fè. Li gen krentif pou Bondye, li toujou ap chache fè sa ki byen. Se koulye a li kenbe m'. Ou wè se pou gremesi ou t'ap pouse m' pou m' te fini avè l'.
Daniel 11:35Nan chèf ki gen konesans yo genyen k'ap mouri. Men, avèk lafliksyon sa a, pèp la va netwaye, l'a lave, l'a blanchi. Sa pral pase konsa jouk lè a va rive pou sa fini nan dat Bondye te fikse a.
Malachi 3:2Men, ki moun ki ka sipòte jou l'ap vini an? Ki moun ki va rete kanpe devan l' lè la parèt la? L'ap tankou dife yo sèvi pou fonn fè. L'ap tankou gwo savon yo sèvi pou blanchi rad.
2 Corinthians 8:12Paske si nou mete tout kè nou pou nou bay, Bondye ap asepte kado nou bay la. L'ap gade sou sa nou genyen, li p'ap gade sou sa nou pa genyen.