1 Kings 18:31
Li pran douz wòch, yonn pou chak branch fanmi pitit Jakòb yo. Se Seyè a ki te bay Jakòb non Izrayèl li pote a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 32:28Nonm lan di l': -Yo p'ap rele ou Jakòb ankò. Y'ap rele ou Izrayèl, paske ou goumen ak Bondye, ou goumen ak moun, se ou menm ki genyen batay la.
Genesis 33:20Jakòb bati yon lotèl la tou. Li rele l': Bondye se Bondye Izrayèl la.
Exodus 24:4Moyiz ekri tou sa Seyè a te di l' yo. Nan denmen maten, byen bonè, lè Moyiz leve, li bati yon lòtèl nan pye mòn lan. Li pran douz gwo ròch, yonn pou chak branch fanmi pèp Izrayèl la, li mete yo kanpe.
Joshua 4:20Se la Jozye pran douz wòch yo te pran nan mitan larivyè Jouden an, li mete yo kanpe fè yon wonn.
Ezra 6:17Yo ofri san (0100) towo, desan (0200) belye mouton, katsan (0400) ti mouton pou yo touye pou mete tanp lan apa pou sèvis Bondye. Yo ofri tou douz bouk kabrit, yonn pou chak branch fanmi pèp Izrayèl la, pou mande Bondye padon pou peche pèp la.
Jeremiah 31:1Seyè a di ankò: -Lè sa a, m'ap Bondye tout branch fanmi pèp Izrayèl la. Yo tout y'ap vin pèp pa mwen.