The Bible Software
bible.software › 1 Kings › 1 Kings 19 › 1 Kings 19:11

1 Kings 19:11

Seyè a di li: -Soti, vin kanpe devan Seyè a sou tèt mòn lan. M' pral pase! Seyè a vin ap pase. Yon gwo van vin leve, li pran vante byen fò, li fann mòn yo, li pete wòch yo devan Seyè a. Men Seyè a pa t' nan van an. Lè van an kase, tè a pran tranble, men Seyè a pa t' nan tranbleman tè a.

Bib La

In The King James Version

And he said, Go forth, and stand upon the mount before the LORD. And, behold, the LORD passed by, and a great and strong wind rent the mountains, and brake in pieces the rocks before the LORD; but the LORD was not in the wind: and after the wind an earthquake; but the LORD was not in the earthquake:

In Context

10Eli reponn: -Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa, mwen renmen ou anpil, mwen pa ka wè sa pèp Izrayèl la ap fè ou la. Li pa kenbe kontra li te pase avè ou la, li kraze lotèl ou yo, li touye tout pwofèt ou yo. Se mwen menm sèl ki rete. Men y'ap chache touye m'.

12Lè tè a sispann tranble, te gen yon dife, men Seyè a pa t' nan dife a. Apre dife a, yon ti bri tou piti fèt, yon ti briz tou fèb vin ap soufle.

Read all of 1 Kings 19

Cross References

Exodus 19:20Seyè a desann sou mòn Sinayi a, sou tèt mòn lan menm. Li rele Moyiz sou tèt mòn lan. Moyiz moute al jwenn li.

Exodus 24:12Seyè a di Moyiz konsa: -Moute sou mòn lan bò kote m'. Rete la. m'a ba ou de ròch plat avèk lalwa ak regleman mwen te ekri sou yo pou fè levasyon pèp la.

Exodus 33:21Li di ankò: -Men yon ti plas bò kote m'. W'a kanpe sou ròch sa a.

Exodus 34:6Seyè a pase devan Moyiz, li pale byen fò, li di: -Seyè a, Seyè a se yon Bondye ki gen pitye pou moun, yon Bondye ki gen bon kè. Li pa fè kòlè fasil, li p'ap janm sispann renmen, l'ap toujou kenbe pawòl li.

Job 38:1Lè sa a, nan yon gwo van tanpèt, Seyè a pale ak Jòb. Li di l' konsa:

Psalms 68:8(068:9) tè a te pran tranble, lapli te pran tonbe soti nan syèl la devan Bondye. devan Bondye mòn Sinayi a, wi, devan Bondye pèp Izrayèl la.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study 1 Kings 19:11

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← 1 Kings 19:101 Kings 191 Kings 19:12 →