1 Kings 19:12
Lè tè a sispann tranble, te gen yon dife, men Seyè a pa t' nan dife a. Apre dife a, yon ti bri tou piti fèt, yon ti briz tou fèb vin ap soufle.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 3:2Zanj Seyè a parèt devan l' sou fòm yon flanm dife nan mitan yon ti touf bwa. Moyiz gade, li wè touf bwa a te tou wouj ak dife, men li pa t'ap boule.
Deuteronomy 4:11N'a di yo ki jan nou te pwoche bò pye mòn lan. Lè sa a, gwo flanm dife t'ap soti sou mòn lan, yo t'ap moute byen wo nan syèl la.
Deuteronomy 4:15Veye kò nou, tande! Se pou byen nou wi! Lè Seyè a te pale ak nou nan mitan dife a, sou mòn Orèb la, nou pa t' wè anyen ki ta sanble ak yon bagay.
1 Kings 18:38Seyè a voye dife soti nan syèl la, li boule ofrann lan, bwa yo, wòch yo ak anplasman kote lotèl la te ye a, li fè tout dlo ki te nan kannal la cheche.
2 Kings 2:11Yo t'ap mache ansanm, yo t'ap pale yonn ak lòt lè yon cha dife ak chwal dife vin nan mitan yo. Epi li pote Eli moute nan syèl nan yon gwo toubouyon.
Job 33:7Ou wè! Ou pa bezwen pè m'! Mwen pa ka fè ou anyen!