1 Kings 20:11
Wa Akab voye reponn li: -Yon sòlda pa fèt pou l' ap vante tèt li anvan l' al goumen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 14:6Jonatan di jenn gason an: -Ann janbe lòt bò nan kan moun Filisti yo, bann moun sa yo ki pa sèvi Seyè a. Ou pa janm konnen, Seyè a ka ede nou. Paske pa gen anyen ki ka anpeche l' fè nou genyen, nou te mèt anpil, nou te mèt pa anpil.
1 Samuel 17:44Apre sa, li di ankò: -Mwen pini ou vanse sou mwen pou ou wè si mwen p'ap pran kò ou pou m' bay zwazo nan syèl ak bèt nan bwa manje.
Job 41:8Seye mete men ou sou li yon grenn fwa, ou p'ap janm fè sa ankò, lè w'a chonje sa l'a fè ou!
Ecclesiastes 9:11Yon lòt bagay mwen wè ankò sou latè, se pa toujou moun ki konn kouri ki genyen nan kous, se pa toujou vanyan gason ki genyen nan lagè. Yon moun ki gen konprann pa toujou gen manje pou l' manje, yon moun ki gen lespri pa toujou gen anpil byen. Moun ki gen kapasite pa toujou jwenn gwo pozisyon. Chans ak malchans la pou tout moun.
Matthew 26:33Pyè pran lapawòl, li di li: Menm si tout moun ta kouri kite ou pou kont ou, mwen menm, mwen p'ap janm kite ou.