1 Peter 1:14
Tankou timoun obeyisan, pa kite move lanvi nou te genyen nan tan lontan yo mennen lavi nou ankò, tankou anvan lè nou pa t' konn Bondye.
Bib La
In The King James Version
As obedient children, not fashioning yourselves according to the former lusts in your ignorance:
In Context
15Okontrè, nan tou sa n'ap fè, se pou nou bon nèt, tankou Bondye ki rele nou an bon nèt tou.
Cross References
Deuteronomy 27:10Se pou nou obeyi l', se pou nou swiv tout lòd ak tout regleman mwen ban nou jòdi a.
Romans 6:4Se sak fè, avèk batèm nou an nou te antere ansanm avè l', nou te mouri ansanm avè l' tou. Men, menm jan Papa a te fè l' leve soti nan lanmò avèk gwo fòs pouvwa li, konsa tou nou menm nou ka mennen yon lòt lavi.
Ephesians 2:2Se nan bagay sa yo nou t'ap viv nan tan lontan. Nou t'ap swiv move kouran ki nan lemonn, nou t'ap fè volonte chèf otorite yo ki nan lè a, move lespri k'ap travay koulye a nan moun k'ap dezobeyi Bondye yo.
Ephesians 5:6Pa kite pesonn twonpe nou ak pawòl san sans yo: se poutèt bagay sa yo menm kòlè Bondye tonbe sou moun ki refize obeyi l' yo.
1 Thessalonians 4:5Pa kite move lanvi pouse nou tankou moun lòt nasyon yo ki pa konnen Bondye.
1 Peter 4:2Se pou li viv ti rès tan li gen pou l' viv sou tè a dapre egzijans volonte Bondye, pa dapre egzijans lachè.