The Bible Software
bible.software › Romans › Romans 6 › Romans 6:4

Romans 6:4

Se sak fè, avèk batèm nou an nou te antere ansanm avè l', nou te mouri ansanm avè l' tou. Men, menm jan Papa a te fè l' leve soti nan lanmò avèk gwo fòs pouvwa li, konsa tou nou menm nou ka mennen yon lòt lavi.

Bib La

In The King James Version

Therefore we are buried with him by baptism into death: that like as Christ was raised up from the dead by the glory of the Father, even so we also should walk in newness of life.

In Context

3Eske nou pa konn sa: nou tout ki resevwa batèm pou n' te fè yonn ak Jezikri, avèk batèm sa a nou te fè yonn avè l' nan lanmò li.

5Menm jan nou fè yonn ak li paske nou te mouri yon jan tankou li menm li te mouri a, konsa tou n'a fè yonn avè li, paske n'a leve soti vivan nan lanmò tankou l' tou.

Read all of Romans 6

Cross References

Matthew 28:2Yo rete konsa, epi tè a pran tranble byen fò. Yon zanj Bondye desann soti nan syèl la, li vini, li woule wòch la sou kote, lèfini li chita sou li.

John 2:19Jezi reponn yo: Kraze tanp sa a koulye a. Nan twa jou m'ap rebati l' ban nou.

Acts 2:24Men, Bondye fè l' leve vivan ankò, li delivre l' anba doulè lanmò a paske se pa t' posib pou lanmò te kenbe l' anba pouvwa li.

Romans 6:9Nou konnen Kris la te leve soti vivan nan lanmò, li pa gen pou l' mouri ankò; lanmò pa gen okenn pouvwa sou li.

Romans 7:6Koulye a, nou pa gen angajman ak lalwa ankò. Nou mouri annegad lalwa ki te kenbe nou prizonye a. Se sak fè nou ka sèvi Bondye yon lòt jan, anba otorite Sentespri a. Nou p'ap sèvi l' ankò jan n' te konn sèvi l' nan tan lontan an, anba otorite lalwa ki ekri nan Liv la.

Romans 12:1Se sak fè, frè m' yo, jan Bondye fè nou wè li gen kè sansib pou nou an, se pou nou ofri tout kò nou ba li tankou ofrann bèt yo mete apa pou Bondye, bèt yo ofri tou vivan epi k'ap fè Bondye plezi. Se sèl jan nou dwe sèvi Bondye tout bon.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)聖書 (日本語)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBiblia TakatifuBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)

Study Romans 6:4

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeAlbert BarnesJohn WesleyJohn CalvinScofieldWilliam BurkittFamily Bible NotesJohn LightfootGeneva Bible Notes (1599)
← Romans 6:3Romans 6Romans 6:5 →