1 Peter 2:23
Lè yo t'ap joure l', li pa t' reponn. Lè yo t'ap maltrete l', li pa t' mennase pesonn. Men, li renmèt kòz li nan men Bondye k'ap jije tout bagay san patipri.
Bib La
In The King James Version
In Context
22Li pa t' janm fè ankenn peche. Ankenn manti pa t' janm soti nan bouch li.
Cross References
Genesis 18:25Aa! Pou di w'ap fè inonsan peri ak koupab? Se pa posib. Ou pa ka fè sa. Se lenjistis pou inonsan gen menm sò ak koupab. Non, sa pa ka fèt. Bondye k'ap jije tout moun sou tè a pa ka nan fè lenjistis.
Psalms 10:14Men, ou make tout bagay. Ou konnen soufrans ak lapenn lèzòm. Ou toujou pare pou ede yo. Moun ki san defans yo, se nan men ou yo lage kòz yo, paske ou toujou ede moun ki san papa.
Psalms 37:5Renmèt kòz ou nan men Seyè a! Mete konfyans ou nan li, l'a ede ou.
Psalms 96:13lè Seyè a parèt. Paske, l'ap vini. L'ap vini pou l' jije tout moun ki sou latè. L'ap jije tout moun san patipri. L'ap jije tout pèp yo jan sa dwe fèt.
Matthew 27:39Moun ki t'ap pase bò la a t'ap plede joure li. Yo t'ap fè siy sou li.
Mark 15:29Moun ki t'ap pase bò la t'ap plede joure l'; yo t'ap fè siy sou li, yo t'ap di: -Ey! Ou menm ki te vle kraze tanp lan pou ou rebati l' nan twa jou,