The Bible Software
bible.software › 1 Peter › 1 Peter 2 › 1 Peter 2:7

1 Peter 2:7

Pou nou menm ki mete konfyans nou nan wòch la, wòch la gen anpil valè. Men, pou moun ki pa mete konfyans yo nan li, sa ki ekri nan Liv la pral rive vre: Wòch moun ki t'ap bati yo te voye jete a, se li menm ki tounen wòch ki kenbe kay la.

Bib La

In The King James Version

Unto you therefore which believe he is precious: but unto them which be disobedient, the stone which the builders disallowed, the same is made the head of the corner,

In Context

6Se poutèt sa nou jwenn sa ekri nan Liv la: Men li, mwen mete yon wòch nan mitan peyi Siyon, yon wòch kwen mwen menm mwen chwazi epi ki gen anpil valè. Moun ki mete konfyans yo nan li p'ap janm soti wont.

8Se yon wòch k'ap fè moun bite, yon gwo wòch k'ap fè yo tonbe. Yo bite, paske yo pa koute pawòl la. Enben, se sa ki te sere pou yo.

Read all of 1 Peter 2

Cross References

Song of Solomon 5:9Ou menm ki pi bèl pase tout fanm, kisa mennaj ou genyen pase lòt gason? Wi, kisa li genyen lòt gason pa genyen, pou ou mande nou fè sa pou ou?

Haggai 2:7Mwen pral souke tout nasyon yo. Yo pral pote tout richès yo isit la, yo pral plen kay sa a ak bèl bagay. Se Seyè ki gen tout pouvwa a menm ki di sa.

Matthew 13:44Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon ja lajan ki te anba tè nan yon jaden. Yon nonm rive jwenn li, li kouvri l' ankò. Li sitèlman kontan, li ale, li vann tou sa l' genyen, li tounen vin achte jaden an.

Mark 12:10Eske nou pa li pawòl ki ekri a? Mwen sèten nou li l' deja: Wòch moun ki t'ap bati yo te voye jete a, se li menm ki tounen wòch ki kenbe kay la.

Luke 20:17Men, Jezi gade yo, li mande yo: Ki sans nou bay pawòl sa ki ekri a: Wòch moun ki t'ap bati yo te voye jete a, se li menm ki tounen wòch ki kenbe kay la.

John 6:68Simon Pyè reponn li: Seyè, ki moun pou n' al jwenn? Se ou menm ki gen pawòl k'ap bay lavi ki p'ap janm fini an.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)聖書 (日本語)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBiblia TakatifuBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)

Study 1 Peter 2:7

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeAlbert BarnesJohn WesleyJohn CalvinScofieldWilliam BurkittFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← 1 Peter 2:61 Peter 21 Peter 2:8 →