1 Peter 3:1
Menm jan an tou, nou menm medam, soumèt devan mari nou. Konsa, si gen nan mari nou yo ki pa kwè nan Bondye, kondit nou kont pou fè yo kwè, san n' pa janm bezwen louvri bouch nou,
Bib La
In The King James Version
In Context
2paske y'a wè jan nou viv byen, jan nou respekte yo.
Cross References
Genesis 3:16Li di fanm lan. Lè w'ap fè pitit, m'ap fè soufrans ou vin pi rèd. Wa gen pou soufri anpil lè w'ap akouche. W'ap toujou anvi mari ou. Men, se mari ou ki va chèf ou.
Proverbs 11:30Lè ou mache dwat, sa fè moun viv. Lè ou gen bon konprann, ou sove lòt moun.
Matthew 18:15Si frè ou fè ou yon bagay ki mal, ale jwenn li, rele l' apa. Fè l' wè sa li fè a mal. Si li koute ou, se mete wa mete frè ou ankò sou bon chemen.
Romans 7:2M'ap pran yon egzanp: yon madan marye gen angajman avèk mari l' devan lalwa toutotan mari a vivan. Men, si mari a mouri, madanm lan lib devan lalwa annegad mari a.
1 Corinthians 7:16Eske ou konnen, ou menm madanm ki gen konfyans lan, si ou p'ap sove mari ou? Eske ou konnen, ou menm mari ki gen konfyans lan, si ou p'ap sove madanm ou?
1 Corinthians 11:3Men, mwen vle nou konprann sa byen: Kris la se chèf tout gason, gason se chèf fanm. Bondye se chèf Kris la.