1 Peter 3:15
Sèl bagay, se pou nou rekònèt se Kris la ki Seyè a nan kè nou. Se pou n' toujou pare pou n' defann tèt nou chak fwa yon moun mande nou esplikasyon sou espwa nou gen nan kè nou an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 20:12Men, Seyè a di Moyiz ak Arawon konsa: -Paske nou pa t' fin gen konfyans nèt nan mwen pou n' te fè moun pèp Izrayèl yo wè jan mwen se yon Bondye apa, se pa nou menm m'ap kite mennen pèp la antre nan peyi mwen pwomèt m'ap ba yo a.
1 Samuel 12:7Koulye a, nou menm, vin kanpe la devan lotèl Seyè a pou m' akize nou. Pou konmanse, m'ap fè nou chonje tout bèl bagay Seyè a te fè pou nou ak pou zansèt nou yo.
Isaiah 1:18Seyè a di konsa: -Nou mèt vini atò! Vini non! Ann regle koze a! Menm si peche nou yo ta tache wouj kou san sou tout kò nou, m'ap lave nou. M'ap fè nou vini blan kou koton. Nou te mèt tache wouj fonse, m'ap blanchi nou, m'ap fè nou blan kou lenn mouton.
Isaiah 29:23Lè y'a wè pitit mwen menm m'ap ba yo nan kò kay yo, y'a rekonèt se yon Bondye apa mwen ye. Y'a rekonèt Bondye fanmi Jakòb la se yon Bondye apa. Y'a respekte m', y'a genyen m' krentif.
Jeremiah 26:12Lè sa a, Jeremi pale ak tout gwo chèf yo ansanm ak pèp la. Li di: -Se Seyè a ki voye m' pou m' fè nou konnen tou sa nou sot tande m' di la a sou Tanp lan ak sou lavil la.
Amos 7:14Amòs reponn Amatsya: -Monchè, pwofèt pa metye m'. Nitou, mwen pa fè pati sosyete moun k'ap fè metye pwofèt. Metye m' se gade bèt, se okipe pye sikomò.