1 Peter 4:6
Se pou sa menm yo te anonse bon nouvèl la bay moun ki mouri yo. Konsa, si lè yo te sou latè yo te tonbe anba jijman Bondye tankou tout moun, koulye a yo ka viv nan pouvwa Lespri Bondye a, jan Bondye vle l' la.
Bib La
In The King James Version
In Context
7Tout bagay prèt pou fini. Se pou nou kenbe tèt nou anplas, veye kò nou pou n' ka lapriyè.
Cross References
John 5:25Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Lè a ap rive, li rive deja: moun mouri yo pral tande vwa Pitit Bondye a. Tout moun mouri ki va tande vwa sa a pral gen lavi.
Romans 8:9Pou nou menm, nou p'ap viv dapre egzijans kò nou ankò, men dapre egzijans Lespri Bondye a, paske Lespri Bondye a nan nou. Si yon moun pa gen Lespri Kris la nan li, li pa pou Kris la.
Galatians 2:19Annegad lalwa, mwen se yon moun ki mouri, epi se lalwa a menm ki touye m' pou m' ka viv pou Bondye. Mwen mouri kloure ansanm ak Kris la sou kwa a.
Ephesians 2:3Lè sa a, nou menm jwif yo, nou te menm jan ak yo. Nou t'ap mennen lavi nou dapre egzijans lachè, nou t'ap fè kapris kò nou ak tout vye lide ki te vin nan tèt nou. Konsa, nou menm jwif, jan nou te ye a, nou te kondannen pou n' te tonbe anba kolè Bondye tankou lòt yo.
1 Peter 3:19Ak pouvwa menm Lespri a, li te al preche nanm ki nan prizon yo.
Revelation 14:18Yon lòt zanj ankò soti bò lotèl la, li menm li te gen pouvwa sou dife. Li pale ak zanj ki te gen kouto digo file a, li di l' byen fò: Pran kouto digo ou la, sèvi avè l' pou koupe tout grap rezen ki sou tè a, paske rezen yo mi.