Romans 8:9
Pou nou menm, nou p'ap viv dapre egzijans kò nou ankò, men dapre egzijans Lespri Bondye a, paske Lespri Bondye a nan nou. Si yon moun pa gen Lespri Kris la nan li, li pa pou Kris la.
Bib La
In The King James Version
In Context
8Moun ki soumèt devan egzijans kò yo pa kapab fè Bondye plezi.
Cross References
Ezekiel 11:19M'ap ba yo yon lòt kè, yon lòt lespri. M'ap wete kè di kou wòch yo te genyen nan lestonmak yo a, m'ap ba yo yon kè ki gen bon santiman.
Luke 11:13Si nou menm ki mechan jan nou mechan an, nou konn bay pitit nou bon bagay, se pa Papa nou ki nan syèl la ki pou ta refize ban nou Sentespri l', lè nou mande l' li.
John 3:34Moun Bondye voye a, se pawòl Bondye l'ap pale, paske Bondye ba li Sentespri san mezi.
John 17:9M'ap lapriyè pou yo. Mwen p'ap lapriyè pou moun lemonn yo, men pou moun ou ban mwen yo, paske se pou ou yo ye.
Romans 8:11Si Lespri Bondye ki te fè Jezikri leve soti vivan nan lanmò a rete nan nou, li menm ki te fè Jezikri leve soti vivan nan lanmò a, li va bay kò nou yo ki la pou mouri a lavi tou, pa pouvwa Lespri li a ki rete nan nou.
1 Corinthians 3:21Konsa, pesonn pa dwe chache lwanj pou tèt pa yo nan sa moun ka fè. Pou nou menm, tout bagay se pou nou yo ye.