1 Peter 5:3
Pa fè menm jan ak chèf k'ap maltrete moun ki sou kont yo. Okontrè, se pou nou tounen yon egzanp pou mouton yo.
Bib La
In The King James Version
Neither as being lords over God’s heritage, but being ensamples to the flock.
In Context
Cross References
Psalms 33:12Ala bon sa bon lè yon peyi gen Seyè a pou Bondye li! Ala bon sa bon pou pèp li chwazi pou rele l' pa l' la!
Ezekiel 34:4Nou pa bay sa ki mèg yo manje pou yo pran fòs. Nou pa swen sa ki malad yo. Nou pa mete renmèd sou sa ki blese yo. Nou pa fè sa ki te soti nan bann yo tounen nan plas yo. Nou pa al chache sa ki te pèdi yo. Lekontrè, nou sèvi ak pozisyon chèf nou an pou n' kraze yo, pou n' maltrete yo.
Matthew 20:25Jezi rele yo, li di yo: Nou konnen ki jan chèf nasyon yo trete pèp la tankou esklav. Grannèg yo renmen fè moun santi jan yo gen pouvwa.
Mark 10:42Jezi rele yo, li di yo konsa: -Nou konnen ki jan moun ki pase pou chèf nasyon yo trete pèp la tankou esklav; grannèg yo renmen fè moun santi jan yo gen pouvwa.
Acts 20:28Veye kò nou, veye sou tout bann mouton Sentespri a mete sou kont nou. Okipe legliz Bondye a, legliz li te achte ak pwòp san Pitit li a.
1 Corinthians 3:9Apolòs ak mwen, se travay n'ap travay ansanm pou Bondye. Nou menm, moun Korent yo, nou se tankou yon jaden Bondye bay travay pou li. Ou ankò, nou se yon kay Bondye ap bati.