The Bible Software
bible.software › 1 Samuel › 1 Samuel 12 › 1 Samuel 12:21

1 Samuel 12:21

Pa vire do ba li pou n' al sèvi sa ki pa Bondye. Yo pa ka ede nou, yo pa ka sove nou, paske yo menm yo pa anyen.

Bib La

In The King James Version

And turn ye not aside: for then should ye go after vain things, which cannot profit nor deliver; for they are vain.

In Context

20Samyèl di pèp la konsa: -Nou pa bezwen pè! Malgre nou fè bagay mal sa a, pa vire do bay Seyè a. Sèvi l' ak tout kè nou.

22Bondye ap kenbe pawòl li. Li te pwomèt li p'ap voye nou jete, paske li soti pou l' fè nou tounen yon pèp ki rele l' pa l'.

Read all of 1 Samuel 12

Cross References

Deuteronomy 30:17Men, si nou vire do ba li, si nou derefize koute l', si nou kite yo pran tèt nou pou n' al mete ajenou devan lòt bondye, pou n' al fè sèvis pou yo,

2 Kings 17:15Yo derefize kenbe lòd li yo, yo pa respekte kontra li te pase ak zansèt yo. Yo pa okipe avètisman li te ba yo, yo pran sèvi zidòl ki pa vo anyen. Yo menm, yo pèdi valè yo. Yo pran fè tankou lòt nasyon k'ap viv bò kote yo t'ap fè, yo dezobeyi lòd Seyè a ki te di yo pa fè sa.

Isaiah 41:23Di nou kisa ki gen pou rive pita. Lè sa a, n'a konnen se bondye nou ye vre! Fè kichòy non, li te mèt bon, li te mèt pa bon, pou n' ka wè l', pou nou ka egzaminen l' ansanm!

Isaiah 44:9Tout moun k'ap fè estati zidòl yo, se moun ki pa vo anyen. Bondye yo renmen anpil yo pa ka fè anyen pou yo. Moun k'ap pran pou yo se moun ki pa wè, moun ki pa konn anyen. Se pou sa yo pral wont pita.

Isaiah 46:7Yo leve l' mete sou zepòl yo, yo pote l' ale. Yo mete l' kanpe yon kote, epi li rete la. Kote yo mete l' la, li pa ka deplase. Yo mèt lapriyè nan pye l' kont kò yo, li pa ka reponn! Li pa ka delivre yo lè yo nan tray.

Jeremiah 2:13Paske pèp mwen an fè de kalite peche: Yo vire do ban mwen, mwen menm sous dlo fre a. Y' ale fè rezèvwa pou dlo. Rezèvwa yo tou fann, yo pa ka kenbe dlo.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study 1 Samuel 12:21

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← 1 Samuel 12:201 Samuel 121 Samuel 12:22 →