1 Samuel 13:12
Mwen di nan kè m': Men moun Filisti yo pral vin atake m' isit la lavil Gilgal, epi mwen pa fè anyen pou mete Seyè a bò kote m'. Se konsa mwen pran sou kont mwen pou m' fè ofrann bèt pou boule nan dife pou Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 15:22Lè sa a, Samyèl di l' konsa: -Dapre ou, kisa Seyè a pito: yon moun k'ap ofri bèt pou boule nan dife, k'ap fè tout kalite ofrann bèt pou li, osinon yon moun k'ap fè sa li di l' fè a? Konn sa tande! Pito yon moun fè sa Seyè a di l' fè a pase pou l' touye bèt ofri pou Bondye. Pito yon moun soumèt devan Bondye pase pou l' ofri bèl belye chatre pou Seyè a.
1 Kings 12:26Lèfini, Jewoboram di nan kè li: -Jan sa ye koulye a, gouvènman an pral tounen nan men moun fanmi David yo ankò.
Amos 8:5N'ap plede di: Kilè fèt lalin nouvèl lan va pase pou nou ka vann diri nou? Kilè jou repo a va pase pou nou ka louvri depo nou yo pou nou vann? Lè sa a, n'a moute pri tout bagay, n'a sèvi ak fo mezi, n'a ranje balans yo pou nou ka twonpe pratik yo.