Amos 8:5
N'ap plede di: Kilè fèt lalin nouvèl lan va pase pou nou ka vann diri nou? Kilè jou repo a va pase pou nou ka louvri depo nou yo pou nou vann? Lè sa a, n'a moute pri tout bagay, n'a sèvi ak fo mezi, n'a ranje balans yo pou nou ka twonpe pratik yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 19:36N'a toujou gen bon balans, bon pwa, bon lòn, bon mezi. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an. Se mwen menm ki te fè nou soti kite peyi Lejip!
Numbers 28:11Nan konmansman chak mwa, n'a fè yon ofrann boule pou Seyè a. Lè sa a, n'a ofri de towo bèf, yon belye mouton ak sèt ti mouton ki gen ennan. Epi fòk yo tout san okenn enfimite.
Deuteronomy 25:15N'a toujou sèvi ak bon mezi, san wete san mete. Se konsa n'a ka viv lontan nan peyi Seyè a, Bondye nou an, ap ban nou an.
Nehemiah 13:15Lè sa a tou, mwen wè kèk moun nan peyi Jida a ki t'ap fè ji rezen gwo jou repo a. Gen lòt menm ki t'ap chaje pakèt ble, diven, rezen, fig frans ak anpil lòt chay toujou sou bourik pou yo ale lavil Jerizalèm jou repo a. Mwen avèti yo pou yo pa vann jou sa a.
Psalms 81:3(081:4) Kònen twonpèt pou anonse fèt la, lè lalin lan nouvèl, ak lè li plenn!
Proverbs 16:11Seyè a mande pou yo sèvi ak bon balans pou peze. Li pa vle pou yo sèvi ak move mezi nan kòmès.