The Bible Software
bible.software › 1 Samuel › 1 Samuel 13 › 1 Samuel 13:3

1 Samuel 13:3

Jonatan touye chèf moun Filisti yo ki te rete lavil Gibeya a. Moun Filisti yo vin konn sa. Sayil voye moun kònen twonpèt nan tout peyi a pou avèti pèp ebre a.

Bib La

In The King James Version

And Jonathan smote the garrison of the Philistines that was in Geba, and the Philistines heard of it. And Saul blew the trumpet throughout all the land, saying, Let the Hebrews hear.

In Context

2Sayil chwazi twamil (03000) gason nan pèp Izrayèl la, epi li voye tout rès yo al lakay yo. Li pran demil gason, li fè yo rete avè l' lavil Mikmas ak nan mòn Betèl la. Lòt mil yo te avèk Jonatan, pitit gason Sayil la, lavil Gibeya nan peyi moun Benjamen yo.

4Nouvèl la gaye nan tout pèp Izrayèl la: Sayil te touye chèf moun Filisti yo. Koulye a moun Filisti yo pa vle wè pèp Izrayèl la. Se konsa tout pèp la vin jwenn Sayil lavil Gilgal, yo kanpe avè l'.

Read all of 1 Samuel 13

Cross References

Joshua 21:17Nan pòsyon tè pou branch fanmi Benjamen an, yo te bay lavil Gabawon, lavil Geba ansanm ak tout savann pou bèt yo,

Judges 6:34Lespri Seyè a desann sou Jedeyon. Li soufle nan yon kòn belye mouton, li rele tout gason nan fanmi Abyezè a vin jwenn li.

1 Samuel 13:16Sayil rete nan peyi moun Benjamen yo ansanm ak Jonatan, pitit gason l' lan, ak moun ki te avè l' yo. Moun Filisti yo menm pran pozisyon lavil Mikmas.

1 Samuel 14:5Yonn te sou bò nò anfas lavil Mikmas, lòt la sou bò sid anfas lavil Geba.

2 Samuel 20:1Nan lavil Gilgal te gen yon nonm yo te rele Cheba, pitit Bikri, nan branch fanmi Benjamen an. Se te yon vakabon. Li manche twonpèt li, li rele pèp la, epi li di yo byen fò: -Nou pa gen anyen pou nou wè ak David! Nou pa bezwen anyen nan zafè pitit Izayi a! Ann al lakay nou, nou menm moun peyi Izrayèl yo!

Isaiah 10:29Yo travèse pas la! Yo pase nwit lan lavil Geba! Moun lavil Rama yo ap tranble. Moun lavil Gibeya yo, peyi wa Sayil la, kouri mete deyò.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study 1 Samuel 13:3

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← 1 Samuel 13:21 Samuel 131 Samuel 13:4 →