The Bible Software
bible.software › 1 Samuel › 1 Samuel 13 › 1 Samuel 13:7

1 Samuel 13:7

Genyen ki menm janbe lòt bò larivyè Jouden an, al nan peyi moun Gad yo ak moun Galarad yo. Sayil menm te lavil Gilgal toujou. Tout moun ki te avè l' yo t'ap tranble sitèlman yo te pè.

Bib La

In The King James Version

And some of the Hebrews went over Jordan to the land of Gad and Gilead. As for Saul, he was yet in Gilgal, and all the people followed him trembling.

In Context

6Moun pèp Izrayèl yo wè zafè a pa t' bon pou yo menm. Moun Filisti yo te atake moun pèp Izrayèl yo ak fòs. Pèp Izrayèl la vin pèdi espwa. Sa pa t' bon menm pou yo. Gen ladan yo ki al kache nan gwòt, nan twou wòch, dèyè gwo wòch, nan pi, nan twou anba tè.

8Dapre dat Samyèl te fikse ba li a, li rete la sèt jou ap tann Samyèl. Sèt jou yo pase, Samyèl pa vin lavil Gilgal. Pèp la konmanse vire do yo kite Sayil.

Read all of 1 Samuel 13

Cross References

Leviticus 26:36Kanta pou rès moun ki pa mouri yo, lè y'a rive nan peyi kote yo depòte yo a, m'ap fè yo viv tout tan ak yon kè sote san rete. Konsa, bri yon fèy bwa chèch van ap pote ap kont pou fè yo kouri. Y'ap kouri tankou moun ki gen lagè dèyè yo, y'ap tonbe san pa gen moun k'ap kouri dèyè yo.

Numbers 32:33Se konsa Moyiz pran tout peyi Amori ki te pou wa Siyon, ak peyi Bazan ki te pou wa Og, avèk tout lavil ki nan limit fwontyè peyi yo, li bay moun fanmi Gad yo, moun fanmi Woubenn yo ak mwatye moun ki nan fanmi Manase, pitit gason Jozèf la.

Deuteronomy 20:8Apre sa, chèf yo va di sòlda yo ankò: -Eske gen yon moun la a ki pè, ki santi li pa gen kouraj pou l' al goumen? Si gen yon moun konsa, pito l' al fè wout li lakay li, paske li ka kraze kouraj lòt yo tou.

Joshua 13:8Branch fanmi Woubenn lan ak branch fanmi Gad la ansanm ak mwatye nan branch fanmi Manase a te deja resevwa pòsyon tè pa yo lòt bò larivyè Jouden sou solèy leve. Se Moyiz, sèvitè Seyè a, ki te ba yo li.

Joshua 13:24Moyiz te separe tè branch fanmi Gad la, li bay chak fanmi pòsyon pa yo.

1 Samuel 17:11Lè Sayil ak tout sòlda moun Izrayèl yo tande sa sòlda Filisti a te di yo, yo vin pè anpil. Yo pran tranble.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study 1 Samuel 13:7

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← 1 Samuel 13:61 Samuel 131 Samuel 13:8 →