The Bible Software
bible.software › 1 Samuel › 1 Samuel 13 › 1 Samuel 13:6

1 Samuel 13:6

Moun pèp Izrayèl yo wè zafè a pa t' bon pou yo menm. Moun Filisti yo te atake moun pèp Izrayèl yo ak fòs. Pèp Izrayèl la vin pèdi espwa. Sa pa t' bon menm pou yo. Gen ladan yo ki al kache nan gwòt, nan twou wòch, dèyè gwo wòch, nan pi, nan twou anba tè.

Bib La

In The King James Version

When the men of Israel saw that they were in a strait, (for the people were distressed,) then the people did hide themselves in caves, and in thickets, and in rocks, and in high places, and in pits.

In Context

5Moun Filisti yo menm, bò pa yo tou, sanble pou y' al atake pèp Izrayèl la. Yo te gen trantmil (030.000) cha lagè, simil (06000) kavalye. Pou sòlda apye menm, moun pa t' ka konte sa. Ou ta di grenn sab bò lanmè. Yo moute al pran pozisyon bò lavil Mikmas, sou bò solèy leve lavil Bètavenn.

7Genyen ki menm janbe lòt bò larivyè Jouden an, al nan peyi moun Gad yo ak moun Galarad yo. Sayil menm te lavil Gilgal toujou. Tout moun ki te avè l' yo t'ap tranble sitèlman yo te pè.

Read all of 1 Samuel 13

Cross References

Exodus 14:10Antan farawon an t'ap pwoche, moun Izrayèl yo leve je yo, yo wè moun peyi Lejip yo ki t'ap rapouswiv yo. Yo te pè anpil. Yo pran rele nan pye Seyè a.

Judges 6:2Moun peyi Madyan yo te pi fò pase moun pèp Izrayèl yo. Se poutèt sa, moun pèp Izrayèl yo al kache kò yo nan fon ravin, nan gwòt, nan twou wòch yo jwenn nan mòn yo.

Judges 20:41Moun Izrayèl yo menm te vire tounen sou yo. Lè sa a, laperèz fè moun Benjamen yo pèdi tèt yo, paske yo te vin konprann bagay la tapral pase mal pou yo.

1 Samuel 23:19Kèk moun nan zòn Zif la moute al jwenn Sayil lavil Gibeya, y' al di l': -Men David kache nan peyi nou an, nan falèz ki bò lavil Oreya, sou mòn Akiya ki nan bò sid dezè Jida a.

1 Samuel 31:7Lè moun pèp Izrayèl yo ki te rete lòt bò Fon Jizreyèl la ak lòt bò larivyè Jouden wè sòlda pèp Izrayèl yo kouri mèt deyò epi Sayil ak pitit gason l' yo mouri, yo leve kite lavil kote yo te rete yo, yo mete deyò tou. Moun Filisti yo vini, yo pran lavil yo pou yo.

Isaiah 42:22Men koulye a, yo fin piye pèp li a, yo pran tou sa yo te genyen. Yo fèmen yo tout nan kacho. Yo mete yo tout nan prizon. Yo vòlò tou sa yo te genyen san pesonn pa delivre yo. Yo piye yo nèt ale san pesonn pa di: Renmèt yo zafè yo!

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study 1 Samuel 13:6

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← 1 Samuel 13:51 Samuel 131 Samuel 13:7 →