1 Samuel 2:14
li plonje fouchèt la nan kaswòl la, nan chodyè a, nan mamit la osinon nan bonm lan. Tou sa fouchèt la te pran, se te pou prèt la. Se konsa yo te fè sa lavil Silo ak tout moun pèp Izrayèl la ki te vin fè ofrann yo la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 7:34Pwatrin bèt la, se yon ofrann espesyal y'a annik balanse devan Seyè a. Jigo dwat la, se yon ofrann y'a annik prezante devan Seyè a. Se Seyè a menm ki wete moso sa yo nan ofrann pèp la va fè a pou li bay prèt yo. Sa se bagay moun Izrayèl yo dwe toujou bay prèt yo. Se va yon regleman pou tout tan tout tan.
Isaiah 56:11Yo tankou chen aloufa, anyen pa janm kont yo. Se yon bann chèf san konprann. Yo tout fè sa yo pito. Se avantaj yo ase y'ap defann.
2 Peter 2:13Yo gen pou yo soufri pou tou sa yo te fè moun soufri. Yo pran plezi fè debòch gwo lajounen. Se yon wont, se yon eskandal lè moun sa yo k'ap pran plezi yo nan fè sa ki mal chita sou menm tab ak nou lè n'ap fè fèt.