Isaiah 56:11
Yo tankou chen aloufa, anyen pa janm kont yo. Se yon bann chèf san konprann. Yo tout fè sa yo pito. Se avantaj yo ase y'ap defann.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 22:7Se konsa, chèf fanmi moun Moab yo ak chèf fanmi moun Madyan yo pati. Yo te pote ak yo sa ki te nesesè pou peye konsiltasyon an. Yo rive kay Balaram, epi yo ba li komisyon Balak la.
1 Samuel 2:12Pitit gason Eli yo te yon bann vòryen. Pou yo, Seyè a pa t' egziste,
Ecclesiastes 5:10Si ou renmen lajan, ou p'ap janm fin gen ase. Si w'ap kouri dèyè richès, plis ou genyen, se plis ou anvi genyen toujou. Sa tou, sa pa vo anyen.
Isaiah 57:17Wi, mwen te fache anpil sou yo paske yo te gen move lanvi nan kè yo. Mwen te fè kòlè, mwen te pini yo, mwen te lage yo, paske yo t'ap fè tèt di, yo t'ap fè sa yo pi pito.
Jeremiah 22:17Men ou menm, yon sèl bagay ou wè, yon sèl bagay ou konnen, se enterè pa ou ase. Se konsa w'ap touye inonsan. W'ap maltrete pèp la, w'ap maspinen l'. Se Seyè a menm ki di sa.
Ezekiel 34:2-Nonm o! Bay mesaj sa a sou tout chèf ki reskonsab pèp Izrayèl la. Bay yo mesaj la, di yo: Men sa Seyè sèl Mèt la voye di yo: Madichon pou gadò pèp Izrayèl yo! Yo te mete yo la pou yo te swen pèp la, men se pwòp tèt yo ase yo konnen.