1 Samuel 2:28
Nan tout branch fanmi pèp Izrayèl yo se fanmi pa li a mwen te chwazi pou sèvi m' prèt devan lotèl mwen, pou yo boule lansan, pou pote ti jile prèt yo devan m'. Epi mwen ba yo dwa pou yo pran yon pòsyon nan tout bèt yo ofri pou boule pou mwen sou lotèl la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 28:4Men ki rad pou yo fè: yon plastwon, yon jile, yon gwo rad long, yon chemiz byen bwode, yon gwo mouchwa pou vlope tèt ak yon sentiwon. y'a fè rad sa yo pou Arawon, frè ou la, ak pou pitit li yo pou yo ka sèvi m' prèt.
Exodus 29:4W'a fè Arawon ansanm ak pitit gason l' yo vanse jouk devan pòt Tant Randevou a. W'a benyen yo nan dlo.
Exodus 39:1Yo pran twal siperyè koulè ble, violèt ak wouj, yo fè bèl rad seremoni pou prèt yo mete sou yo lè y'ap fè sèvis nan kote ki apa pou Bondye a. Yo fè rad tou pou Arawon mete sou li sèlman lè l'ap fè sèvis Bondye, dapre lòd Seyè a te bay Moyiz.
Leviticus 2:10Rès ofrann lan va rete pou Arawon ansanm ak pitit gason l' yo. Rès ofrann sa a apa nèt pou Seyè a, paske yo pran l' nan manje yo ofri pou boule pou Seyè a.
Leviticus 7:7Ofrann pou peye pou sa yo te fè ki mal la, se menm bagay ak ofrann pou peche yon moun fè san l' pa konnen. Se menm regleman an pou tou de: vyann lan va rete pou prèt ki fè ofrann lan.
Leviticus 7:34Pwatrin bèt la, se yon ofrann espesyal y'a annik balanse devan Seyè a. Jigo dwat la, se yon ofrann y'a annik prezante devan Seyè a. Se Seyè a menm ki wete moso sa yo nan ofrann pèp la va fè a pou li bay prèt yo. Sa se bagay moun Izrayèl yo dwe toujou bay prèt yo. Se va yon regleman pou tout tan tout tan.