bible.software › 1 Samuel › 1 Samuel 6 › 1 Samuel 6:18
1 Samuel 6:18
Yo te voye senk ti sourit fèt an lò tou, yonn pou chak lavil kote chèf moun Filisti yo t'ap kòmande, kit se lavil ki gen ranpa, kit se lavil ki pa gen ranpa. Gwo wòch kote yo te mete Bwat Kontra Seyè a nan mitan jaden Jozye a, bò lavil Bèt-Chemèch la, kanpe la jouk koulye a, tankou yon mak pou fè chonje sak te rive lè sa a.
Bib La
In The King James Version
And the golden mice, according to the number of all the cities of the Philistines belonging to the five lords, both of fenced cities, and of country villages, even unto the great stone of Abel, whereon they set down the ark of the LORD: which stone remaineth unto this day in the field of Joshua, the Beth-shemite.
In Context
17Moun Filisti yo te voye senk bouton lò bay Seyè a pou sa te sèvi pou peye pou sa yo te fè a: yonn pou Asdòd, yonn pou Gaza, yonn pou Achkalon, yonn pou Gat, yonn pou Ekwon.
19Apre sa, Seyè a te touye kèk moun nan moun lavil Bèt-Chemèch yo paske yo t' al voye je yo wè sa ki anndan Bwat Kontra a. Li touye swasanndis ladan yo. Pèp la te nan gwo lapenn, paske Seyè a te fè gwo malè sa a sou yo.
Read all of 1 Samuel 6
Cross References
Joshua 13:3ki vle di depi larivyè Chikò k'ap koule sou fwontyè lès peyi Lejip la, moute nan nò, jouk sou fwontyè Ekwon an. Tout teritwa sa a te pase pou peyi moun Kanaran yo. Te gen senk chèf pami moun Filisti yo: yonn te rete lavil Gaza, yon lòt te rete lavil Asdòd, yon lòt lavil Askalon, yon lòt lavil Gat, yon lòt lavil Ekwon. Te rete peyi moun Avit yo tou,
This Verse In Other Editions
Study 1 Samuel 6:18