1 Samuel 6:2
Moun Filisti yo fè rele prèt yo ak divinò yo. Yo mande yo: -Kisa pou n' fè ak Bwat Kontra Seyè a? Ki jan pou n' fè pou n' voye l' tounen nan plas li?
Bib La
In The King James Version
In Context
1Bwat Kontra Seyè a te gen tan pase sèt mwa nan peyi Filisti a.
Cross References
Genesis 41:8Nan maten, li te boulvèse anpil, li voye chache dènye divinò ak nèg save ki nan peyi Lejip la. Li rakonte yo rèv la, men yo yonn pa t' kapab esplike rèv la ba li.
1 Samuel 5:8Se konsa yo voye chache senk chèf moun Filisti yo, epi yo di yo: -Kisa pou nou fè ak Bwat Kontra Bondye pèp Izrayèl la? Chèf yo reponn: -Pote l' ale lavil Gat. Se konsa yo pote Bwat Kontra Bondye pèp Izrayèl la lavil Gat.
Isaiah 47:12Ou mèt rete ak maji ou yo, ak tout wanga ou yo! Depi ou jenn w'ap fatige kò ou sèvi ak yo. Ou pa janm konnen, yo ka fè kichòy pou ou! Ou ka fè moun pè ou ak yo!
Daniel 5:7Li rele byen fò, li mande pou fè chache tout divinò, tout moun ki li zetwal ak tout nèg save ki rete lavil Babilòn yo. Lè yo vini, wa a di yo konsa: -Nenpòt moun ki ka li sa ki ekri la a, lèfini ki ka fè m' konnen sa li vle di, m'ap mete gwo manto wouj la sou li, m'ap pase yon chenn an lò nan kou l'. Apre sa, m'ap ba li twazyèm plas apre m' nan gouvènman m' lan.
Matthew 2:4Ewòd reyini tout chèf prèt yo ansanm ak direktè lalwa yo ki t'ap dirije pèp jwif la. Li mande yo: Ki kote Kris la gen pou l' fèt?