Genesis 41:8
Nan maten, li te boulvèse anpil, li voye chache dènye divinò ak nèg save ki nan peyi Lejip la. Li rakonte yo rèv la, men yo yonn pa t' kapab esplike rèv la ba li.
Bib La
In The King James Version
In Context
7Sèt grap chèch yo souse sèt bèl grap yo. Epi je farawon an vin klè ankò. Se rèv sa yo li te fè.
9Se lè sa a, chèf kanbiz la di farawon an: -Koulye a mwen chonje mwen te fè yon fòt.
Cross References
Genesis 40:8Yo reponn li: -Nou chak fè yon rèv, men pa gen pesonn isit la ki ka esplike nou rèv yo. Jozèf reponn yo: -Eske se pa Bondye sèl ki ka esplike bagay konsa? Rakonte m' rèv nou yo.
Exodus 7:11Men farawon an rele nèg save l' yo ak divinò l' yo. Yo menm tou, avèk maji yo, yo te rive fè menm bagay la tou.
Exodus 8:7Men majisyen peyi Lejip yo, avèk maji yo, te rive fè menm bagay la tou. Yo fè krapo moute vin sou peyi Lejip la.
Exodus 9:11Ata majisyen yo pa t' kapab parèt devan Moyiz, paske yo te kouvri ak malenng tou tankou tout moun peyi Lejip yo.
Leviticus 20:6Si yon moun vire do ban mwen poul al konsilte moun k'ap rele mò nan tab tounant, osinon moun k'ap fè divinò, mwen p'ap okipe l' ankò, m'ap wete l' nan mitan pèp mwen an.
1 Samuel 6:2Moun Filisti yo fè rele prèt yo ak divinò yo. Yo mande yo: -Kisa pou n' fè ak Bwat Kontra Seyè a? Ki jan pou n' fè pou n' voye l' tounen nan plas li?