1 Samuel 9:2
Li te gen yon pitit gason ki te rele Sayil, yon bèl gason byen kanpe. pa t' gen moun nan pèp Izrayèl la ki te pi bèl pase l'. Li te pi wo pase yo tout.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 13:33Sa ki pi rèd, nou wè yon kalite gwonèg bèl wotè, moun ras Anak yo. Devan moun sa yo se krebete nou ye, tèlman nou piti. Se konsa nou te santi nou devan yo.
1 Samuel 10:23Se konsa yo kouri al wete l' la, yo mennen l', yo fè l' kanpe nan mitan pèp la. Li te pi wo pase yo tout.
1 Samuel 17:4Yon bowòm yo rele Golyat, moun lavil Gat, soti nan kan moun Filisti yo, li parèt devan sòlda pèp Izrayèl yo, li mande pou yonn ladan yo vin fè fas kare ak li. Li te gen nèf pye wotè.
1 Chronicles 8:33Nè te papa Kich ki te papa Sayil. Sayil te gen kat pitit gason: Jonatan, Malchichwa, Abinadab ak Echbaal.