1 Thessalonians 2:11
Nou konnen ki jan mwen te aji ak nou chak, tankou yon papa ak pitit li yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 27:19epi w'a fè l' kanpe devan Eleaza, prèt la, ak devan tout pèp la. Epi la, devan yo tout, w'a ba li tout lòd ou gen pou ba li.
Deuteronomy 31:14Lè sa a, Seyè a di Moyiz konsa: -Ou pa lwen mouri. Rele Jozye. Vini ansanm avè l' nan Tant Randevou a pou m' ka ba li lòd sa pou l' fè. Se konsa, Moyiz ak Jozye al kanpe nan Tant Randevou a.
1 Chronicles 28:9Ou menm, Salomon, pitit mwen, se pou ou rekonèt Bondye papa ou la. Se pou ou sèvi l' ak tout kè ou, avèk bon santiman, paske Seyè a sonde kè tout moun, li konnen tou sa k'ap pase nan tèt yo. Konsa, si ou chache l', l'ap kite ou jwenn li. Men, si ou vire do ba li, l'ap lage ou nèt tou pou tout tan.
Psalms 34:11(034:12) Vini non, timoun mwen yo, koute sa m'ap di nou. M'a fè nou konnen ki jan pou nou gen krentif pou Seyè a.
Proverbs 1:15Pitit mwen, pa mache avèk moun konsa! Pa mete pye ou kote moun sa yo pase!
Proverbs 3:1Pitit mwen, pa janm bliye sa mwen moutre ou yo. Kenbe tou sa mwen di ou fè yo nan kè ou.