1 Thessalonians 2:16
Y'ap fè sa yo kapab pou anpeche m' pale ak moun ki pa jwif yo, pou moun sa yo pa sove. Konsa, yo lage kò yo nèt ale nan menm peche yo te toujou kònn fè a. Men, koulye a kòlè Bondye tonbe sou yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 15:16Apre kat jenerasyon, pitit pitit ou yo va tounen isit la, paske se pou nou tann moun Amori yo rive nan dènye bout mechanste yo.
Joel 2:30M'apral fè mèvèy parèt nan syèl la ak sou latè a. Va gen san, dife ak gwo nwaj lafimen.
Malachi 4:1Gade! Jou a ap vini: Pral fè cho anpil tankou nan yon fou. Tout awogan yo ansanm ak tout mechan yo pral boule tankou pay chèch. Se Seyè a menm ki di sa. Wi, jou sa a, y'ap boule nèt san kite tras.
Matthew 3:7Lè Jan wè te gen anpil farizyen ak sadiseyen ki t'ap vin jwenn li pou resevwa batèm nan men l', li di yo: Bann vèmen! Ki moun ki fè nou konnen nou kapab chape anba kòlè Bondye k'ap vini an?
Matthew 12:45Lè konsa, li ale, li pran sèt lòt lespri ki pi move pase l', lespri yo vin ansanm avè l', yo antre nan kay la, yo rete. Lè sa a, kondisyon moun lan vin pi mal pase jan l' te ye anvan an. Enben, se sa ki pral rive move moun k'ap viv alèkile yo.
Matthew 22:6Gen ladan yo ki pran domestik yo, yo maltrete yo, yo touye yo.