The Bible Software
bible.software › 1 Thessalonians › 1 Thessalonians 2 › 1 Thessalonians 2:3

1 Thessalonians 2:3

Paske, lè m'ap pale ak moun, se pa manti m'ap bay, ni mwen pa gen ankenn move lide dèyè tèt mwen, ni mwen p'ap chache twonpe pesonn.

Bib La

In The King James Version

For our exhortation was not of deceit, nor of uncleanness, nor in guile:

In Context

2Mwen te fenk soti lavil Filip kote yo te maltrete m' anpil, kote yo te joure m' lan. Men, Bondye ban m' fòs ak kouraj pou m' te ka anonse nou bon nouvèl ki soti nan li a, malgre tout opozisyon mwen te jwenn.

4Okontrè, mwen te toujou pale jan Bondye vle l' la. Se Bondye ki konnen sa ki nan kè mwen. Li fè m' konfyans, li ban mwen bon nouvèl li a pou m' anonse. Se sak fè, se pa lèzòm m'ap chache fè plezi, men Bondye ki konnen sa ki nan kè mwen.

Read all of 1 Thessalonians 2

Cross References

1 Samuel 12:3Koulye a, men mwen! Se pou nou di m' devan Seyè a, devan wa li chwazi a, sa mwen janm fè nou. Eske mwen janm pran bèf osinon bourik yonn nan nou? Eske mwen janm pwofite sou pesonn? Eske mwen janm aji mal ak pesonn? Eske mwen janm pran lajan nan men pesonn pou m' kache anyen pou li? Si mwen janm fè bagay konsa, m'ap renmèt sa m' te pran an.

2 Corinthians 2:17Nou pa tankou anpil moun k'ap defòme pawòl Bondye a. Okontrè, nou pale pawòl la jan li ye a devan Bondye, tankou moun k'ap viv nan Kris la, paske se Bondye menm ki voye nou.

2 Corinthians 4:5Konprann sa byen, se pa tèt pa m' m'ap fè nou konnen: men se Jezikri, Seyè a, m'ap fè nou konnen. Mwen menm mwen di nou se sèvi m'ap sèvi nou poutèt Jezi.

2 Corinthians 11:13Moun sa yo, se pòz apòt yo y'ap pran. Y'ap bay manti sou travay yo, y'ap fè tèt yo pase pou apòt Kris la.

1 Thessalonians 2:5Nou menm, nou konn sa byen: mwen pa janm sèvi ak pawòl ki pou flate moun, ni mwen pa janm pran ankenn pretès pou chache fè lajan. Mwen pran Bondye pou temwen.

1 Thessalonians 4:1Frè m' yo, mwen te moutre nou ki jan pou n' mennen bak nou si nou vle fè Bondye plezi. Wi, mwen konnen se konsa n'ap viv vre. Men, koulye a m'ap mande nou, nan non Seyè Jezi a, tanpri chache viv pi byen toujou.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)聖書 (日本語)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBiblia TakatifuBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)

Study 1 Thessalonians 2:3

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeAlbert BarnesJohn WesleyJohn CalvinScofieldWilliam BurkittFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)Robertson's Word Pictures
← 1 Thessalonians 2:21 Thessalonians 21 Thessalonians 2:4 →