1 Thessalonians 5:11
Se poutèt sa, annou yonn ankouraje lòt, yonn ede lòt, jan nou deja ap fè l' la.
Bib La
In The King James Version
Wherefore comfort yourselves together, and edify one another, even as also ye do.
In Context
Cross References
Romans 15:2Okontrè, se pou nou chak chache fè frè parèy nou plezi pou byen l', konsa n'a fè l' grandi nan konfyans li nan Bondye.
1 Corinthians 10:23Nou gen dwa fè nenpòt bagay. Se sa yo di, epi se vre. Men, tout bagay pa bon pou fèt. Nou gen dwa fè tout bagay, men se pa tout bagay k'ap fè nou grandi nan konfyans nan Bondye.
1 Corinthians 14:12Konsa tou pou nou. N'ap chache gen kado ki soti nan Lespri Bondye a. Dakò. Men, anvan tout bagay, sa pou n' chache an kantite a se don ki pou ede legliz la grandi nan konfyans.
2 Corinthians 12:19Nou dwe mete nan tèt nou koulye a se chache m'ap chache defann tèt mwen devan nou? enben non! M'ap pale jan Kris la vle l' la, mwen pran Bondye pou temwen: Mwen di nou tout bagay sa yo, mezanmi, pou nou ka grandi nan lafwa.
Ephesians 4:16Gremesi Kris la, tout pati nan kò a byen òganize, yo tout byen mare yonn ak lòt nan jwenti yo. Konsa, lè chak pati fè sa yo gen pou yo fè a, tout kò a ap grandi, l'ap devlope nan renmen.
1 Thessalonians 4:10Mwen konnen se konsa menm n'ap aji avèk tout frè yo nan tout peyi Masedwan lan. Men, m'ap mande nou, frè m' yo, pou nou chache viv pi byen toujou.