1 Thessalonians 5:23
Mwen mande Bondye ki bay kè poze a pou l' fè nou favè pou nou viv pou li nèt ale. Konsa, lè Jezikri, Seyè nou an, va vini, li p'ap jwenn nou ak ankenn defo, ni nan kò nou, ni nan lespri nou ni nan nanm nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
24Bondye ki rele nou an va fè sa pou nou, paske li toujou kenbe pawòl li.
Cross References
Leviticus 20:8Se pou nou kenbe lòd mwen ban nou yo, se pou nou swiv yo. Se mwen menm Seyè a, se mwen menm k'ap fè nou sèvi m' nan tou sa n'ap fè!
Ezekiel 37:28Wi, m'a fè kay ki apa pou mwen an toujou rete la nan mitan yo. Lè sa a, lòt nasyon yo va konnen se mwen menm, Seyè a, ki te chwazi pèp Izrayèl la pou l' te ka viv apa pou mwen.
John 17:19Se pou yo m'ap viv jan ou vle l' la, pou yo menm tou yo ka viv jan ou vle l' la, gremesi verite a.
Acts 26:18pou ou kapab louvri je yo, pou fè yo soti nan fènwa kote yo ye a vin nan limyè, pou wete yo anba pouvwa Satan vin jwenn Bondye. Konsa, lè y'a mete konfyans yo nan mwen, y'a resevwa padon pou tout peche yo, y'a jwenn plas yo nan mitan pèp k'ap viv apa pou Bondye a.
Romans 15:13Mwen mande Bondye ki bay espwa a pou l' fè kè nou kontan nèt, pou l' fè kè nou poze ak konfyans nou gen nan li a. Se konsa espwa nou va toujou ap grandi ak pouvwa Sentespri a.
Romans 16:20Anvan lontan, Bondye ki bay kè poze a gen pou kraze Satan anba pye nou. Se pou benediksyon Jezi, Seyè nou an, toujou la avèk nou.