The Bible Software
bible.software › 1 Thessalonians › 1 Thessalonians 5 › 1 Thessalonians 5:4

1 Thessalonians 5:4

Men nou menm, frè m' yo, nou pa moun k'ap viv nan fènwa. Jou sa a p'ap vin sou nou tankou yon vòlè, san nou pa atann.

Bib La

In The King James Version

But ye, brethren, are not in darkness, that that day should overtake you as a thief.

In Context

3Lè n'ap tande moun ap di: Gen lapè toupatou, tout bagay byen sou kontwòl, se lè sa a, san nou pa atann, n'ap wè kòlè Bondye a tonbe sou yo pou detwi yo. Se tankou lè doulè tranche sezi yon fanm ansent. p'ap gen chape pou yo.

5Paske, nou tout se moun k'ap viv nan limyè, nan gwo lajounen. Nou pa moun k'ap viv nan lannwit, nan fènwa!

Read all of 1 Thessalonians 5

Cross References

Deuteronomy 19:6Si te gen yon sèl lavil konsa, distans la ta ka twò long. Lè sa a, moun ki reskonsab pou tire revanj moun yo touye a, si l'ap kouri dèyè moun ki te fè krim lan, li ta ka rapouswiv li. Nan kè cho li, li ta ka ba l' yon kou, li touye l'. Lè sa a, li ta touye yon inonsan, paske nonm lan pa t' fè espre, li pa t' janm gen anyen nan kè l' kont moun li touye a.

Deuteronomy 28:45Tout giyon sa yo va tonbe sou nou. Kote nou pase y'a pase dèyè nou. Y'a rete sou nou jouk y'a fini nèt ak nou. Tou sa, paske nou pa t' koute sa Seyè a, Bondye nou an, di nou, nou pa t' fè tou sa li te mande nou fè nan lòd ak regleman li te ban nou yo.

Hosea 10:9Seyè a di: -Nou menm moun Izrayèl, depi nou te lavil Gibeya, n'ap fè peche. Depi lè sa a, nou pa janm sispann. Se konsa, lagè y'ap mennen kont mechan yo ap vire sou nou jouk lavil Gibeya.

Acts 26:18pou ou kapab louvri je yo, pou fè yo soti nan fènwa kote yo ye a vin nan limyè, pou wete yo anba pouvwa Satan vin jwenn Bondye. Konsa, lè y'a mete konfyans yo nan mwen, y'a resevwa padon pou tout peche yo, y'a jwenn plas yo nan mitan pèp k'ap viv apa pou Bondye a.

Colossians 1:13Li rache nou anba pouvwa fènwa a, li fè nou antre nan peyi kote Pitit li renmen anpil la wa.

2 Peter 3:10Men, jou Seyè a ap vini sou nou tankou yon vòlò nan mitan lannwit. Lè sa a, syèl la pral disparèt ak yon gwo gwo bri. Tout bagay pral pran dife, y'ap fonn nèt. Latè ak dènye bagay ki ladan l' va boule, y'ap tounen sann.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)聖書 (日本語)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBiblia TakatifuBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)

Study 1 Thessalonians 5:4

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeAlbert BarnesJohn WesleyJohn CalvinScofieldWilliam BurkittFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)Robertson's Word Pictures
← 1 Thessalonians 5:31 Thessalonians 51 Thessalonians 5:5 →