Hosea 10:9
Seyè a di: -Nou menm moun Izrayèl, depi nou te lavil Gibeya, n'ap fè peche. Depi lè sa a, nou pa janm sispann. Se konsa, lagè y'ap mennen kont mechan yo ap vire sou nou jouk lavil Gibeya.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 6:5Seyè a wè jan lèzòm te mechan toupatou sou latè, ki jan tout lajounen se move lide ase ki te nan tèt yo.
Judges 19:22Yo t'ap koze yonn ak lòt lè kèk mesye lavil la, yon bann vòryen, vin sènen kay la. Yo pran frape nan pòt la. Yo pale ak granmoun ki te mèt kay la, yo di l' konsa: -Fè nonm ki lakay ou a soti vin jwenn nou pou nou ka kouche avè l'.
Judges 20:13Koulye a ban nou moun sa yo, bann vòryen lavil Gibeya yo, pou nou ka touye yo, pou n' ka wete move bagay derespektan sa a nan peyi Izrayèl la. Men, moun Benjamen yo pa koute sa lòt moun pèp Izrayèl yo t'ap di yo. Yo rete sou sa yo te fè a.
Judges 20:21Moun Benjamen yo soti lavil Gibeya. Jou sa a yo desann venndemil (022.000) sòlda nan lame pèp Izrayèl la.
Hosea 9:9Yo lage kò yo nèt nan fè sa ki mal, tankou yo te fè l' lavi Gibeya. Bondye va chonje jan yo mechan, l'a pini yo pou tout peche yo fè.
Matthew 23:31Lè nou di sa, nou admèt nou menm tou se pitit pitit moun ki te ansasinen pwofèt yo nou ye.