1 Timothy 2:9
Mwen ta renmen tou pou medam yo abiye yon jan ki kòrèk, tou senp, san fè endesans. Yo pa bezwen nan fè gwo kwafi, mete gwo bijou lò ak bèl grenn pèl ni rad ki koute chè sou yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
10Oneman ki bon pou yon fanm ki di l'ap sèvi Bondye se fè sa ki byen.
Cross References
Exodus 35:22Tout moun ki te soti pou bay ak tout kè yo pou fè ofrann, fanm kou gason, yo vini, yo pote zanno, bag, kolye, braslè ak tout kalite bijou an lò. Chak moun te pote bijou an lò yo te mete apa pou Bondye.
Esther 5:1Sou twazyèm jou a, Estè mete rad larenn li sou li, li ale, li kanpe nan lakou anndan palè a, devan salon wa a. Wa a te chita sou fòtèy li anndan salon an anfas pòt pou antre a.
Psalms 149:4Seyè a pran plezi l' nan pèp li a, li fè bèl bagay pou malere yo, li delivre yo.
Proverbs 31:22Li fè kouvèti lenn pou kabann yo. Tout rad li yo fèt ak twal wouj tise byen sere.
Isaiah 3:18Jou sa a, Bondye va wete tout bijou yo gen sou yo: braslè yo mete nan pye yo, bando yo mare nan tèt yo, meday yo mare sou fwon yo,
Jeremiah 2:32Eske yon jenn fi ka bliye bijou li yo? Eske yon lamarye ka bliye rad nòs li? Men, pèp mwen an bliye m', m' pa ka konte depi kilè.