Jeremiah 2:32
Eske yon jenn fi ka bliye bijou li yo? Eske yon lamarye ka bliye rad nòs li? Men, pèp mwen an bliye m', m' pa ka konte depi kilè.
Bib La
In The King James Version
In Context
33Ou konnen byen sa pou ou fè lè w'ap kouri dèyè gason. Lè konsa, nanpwen krim ou p'ap fè.
Cross References
Genesis 24:22Lè chamo yo fin bwè, nonm lan pran yon bèl zanno lò ki peze sis gram, li pase l' nan nen Rebeka. Li pran de bèl braslè ki peze san gram, li mete yo nan bra li.
Genesis 24:53Apre sa, li pran rale bèl bijou fèt an ajan ak an lò ansanm ak rad, li bay Rebeka. Li te bay frè a ak manman an anpil bèl kado tou.
Judges 8:34Se konsa, yo pa dòmi reve Seyè a, Bondye yo a, li menm ki te delivre yo anba men lènmi ki te sènen yo toupatou.
Psalms 9:17(09:18) Tout mechan yo gen pou mouri. Tout moun ki bliye gen Bondye gen pou mouri tou.
Psalms 106:21Yo bliye Bondye ki te delivre yo a, avèk gwo mèvèy li te fè nan peyi Lejip,
Isaiah 61:10Se pa ti kontan kè m' kontan pou sa Seyè a fè. M'ap fè fèt pou Bondye mwen an. Paske mwen tankou yon nèg k'ap marye ki fin abiye pou nòs la, tankou yon lamarye k'ap ranje bijou l' yo sou li. Li kouvri m' ak pouvwa li pou l' sove m'. Li vlope m' nan bra li pou l' delivre m'.