1 Timothy 5:4
Men, si yon vèv gen pitit, osinon pitit pitit, se pou pitit yo aprann fè tout devwa Bondye mande yo fè pou pwòp fanmi yo anvan. Konsa, y'a fè tou sa yo dwe fè pou papa yo, manman yo ak granparan yo. Se sa ki pou fè Bondye plezi.
Bib La
In The King James Version
In Context
3Pran swen vèv ki vèv tout bon yo.
Cross References
Genesis 47:12Jozèf te bay papa l', frè l' yo ak tout fanmi yo kantite manje yo te bezwen pou mezi timoun yo te genyen.
Judges 12:14Li te gen karant pitit gason ak trant pitit pitit gason ki te konn moute sou swasanndis ti bourik. Li gouvènen pèp Izrayèl la pandan witan.
Ruth 2:18Li pran grenn lòj li yo, li tounen lavil, li moutre bèlmè li tou sa li te ranmase. Li ba li tou rès manje ki te rete lè l' te fin manje a.
Job 18:19Li p'ap kite ni pitit, ni ankenn lòt fanmi nan mitan pèp la. Yo tout ap mouri anvan l'.
Isaiah 14:22Bondye ki gen tout pouvwa a pale, li di konsa: -Mwen pral leve dèyè yo. Mwen pral disparèt lavil Babilòn. Mwen p'ap kite anyen, ni non l', ni moun li yo, tout ras yo, tout pitit yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Mark 7:11Men nou menm, nou di: Si yon moun di papa l' osinon manman l': Tou sa m' ta gen pou m' ede ou la, li kòban (sa vle di: se yon ofrann mwen mete apa pou Bondye),