Isaiah 14:22
Bondye ki gen tout pouvwa a pale, li di konsa: -Mwen pral leve dèyè yo. Mwen pral disparèt lavil Babilòn. Mwen p'ap kite anyen, ni non l', ni moun li yo, tout ras yo, tout pitit yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 14:10Se poutèt sa, Jewoboram, mwen pral fè malè tonbe sou fanmi ou. Mwen pral touye dènye gason nan fanmi ou, timoun kou granmoun. M'ap disparèt fanmi ou nèt nan peyi Izrayèl, y'ap bale yo voye jete tankou yo jete poupou.
Job 18:19Li p'ap kite ni pitit, ni ankenn lòt fanmi nan mitan pèp la. Yo tout ap mouri anvan l'.
Proverbs 10:7Y'ap toujou chonje yon nonm debyen, y'a fè lwanj pou li. Men, talè konsa non mechan an ap sèvi jouman.
Isaiah 21:9Lè sa a, yon lame kavalye parèt. Y'ap mache vini de pa de. Gad la bay nouvèl la. Li di: Lavil Babilòn tonbe! Wi, li tonbe! Tout estati zidòl yo tonbe plat atè, yo kraze!
Isaiah 47:9Enben! De malè sa yo pral tonbe sou ou anmenmtan, yon sèl jou. Ou pral pèdi pitit ou yo ansanm ak mari ou! Wi, malè sa yo pral tonbe ansanm sou ou, malgre tout maji ou pral fè yo, malgre pakèt wanga ou genyen yo!
Jeremiah 50:29Voye chache tout moun ki konn sèvi ak banza pou yo mache pran lavil Babilòn. Fè yo sènen lavil la nèt, pou pesonn pa ka chape. Fè l' peye tou sa li te fè. Fè l' pase tou sa li te fè lòt moun pase, paske li te konprann pou l' te kenbe tèt ak Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.