The Bible Software
bible.software › 2 Chronicles › 2 Chronicles 10 › 2 Chronicles 10:16

2 Chronicles 10:16

Lè pèp Izrayèl la wè wa a pa t' soti pou li fè sa yo te mande l' la, yo reponn wa a, yo di li: -Nou pa gen anyen pou nou wè ak David. Nou pa gen anyen pou n' separe ak pitit Izayi a. Nou menm pèp Izrayèl la, ann al lakay nou! Ann kite pitit David yo degaje yo pou kont yo ak fanmi yo! Se konsa moun pèp Izrayèl la vire do al lakay yo.

Bib La

In The King James Version

And when all Israel saw that the king would not hearken unto them, the people answered the king, saying, What portion have we in David? and we have none inheritance in the son of Jesse: every man to your tents, O Israel: and now, David, see to thine own house. So all Israel went to their tents.

In Context

15Se konsa wa a pa t' asepte fè sa pèp la te mande l' la. Sa se travay Seyè a menm ki te vle pou sa li te voye Akija, pwofèt Silo a, al di Jewoboram, pitit Nebat la, rive vre.

17Yo kite Woboram pou li gouvènen sèlman sou moun ki rete nan pòsyon tè branch fanmi Jida a.

Read all of 2 Chronicles 10

Cross References

1 Samuel 20:27Men, nan denmen, jou apre jou lalin nouvèl la, plas David la te vid ankò. Sayil mande Jonatan: -Poukisa David, pitit Izayi a, pa vin manje ni ayè, ni jòdi a?

1 Samuel 22:7Epi Sayil di chèf ki t'ap sèvi avè l' yo: -Nou menm fanmi Benjamen yo, koute! Eske nou mete nan lide nou David, pitit gason Izayi a, pral ban nou jaden ak pye rezen tou? Eske l'ap fè nou kaptenn ak chèf nan lame li a?

1 Samuel 22:13Sayil mande l': -Poukisa ou mete tèt ou ansanm ak David, pitit gason Izayi a, pou nou fè konplo sou mwen? Poukisa ou ba li pwovizyon ansanm ak yon nepe? Poukisa ou pale ak Seyè a pou li? Koulye a, men li leve dèyè m', l'ap chache okazyon pou li touye m'.

2 Samuel 15:13Yon mesaje vin di David: -Moun peyi Izrayèl yo ap mache avèk Absalon, yo dakò avè l'.

2 Samuel 20:1Nan lavil Gilgal te gen yon nonm yo te rele Cheba, pitit Bikri, nan branch fanmi Benjamen an. Se te yon vakabon. Li manche twonpèt li, li rele pèp la, epi li di yo byen fò: -Nou pa gen anyen pou nou wè ak David! Nou pa bezwen anyen nan zafè pitit Izayi a! Ann al lakay nou, nou menm moun peyi Izrayèl yo!

1 Kings 11:34Men, mwen pa t' wete gouvènman tout peyi a nan men l'. M'ap kite l' gouvènen konsa jouk li mouri. M'ap fè sa pou li poutèt David, sèvitè m' lan, yon nonm mwen te chwazi, yon nonm ki te mache sou lòd ak kòmandman mwen yo.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study 2 Chronicles 10:16

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← 2 Chronicles 10:152 Chronicles 102 Chronicles 10:17 →