The Bible Software
bible.software › 2 Chronicles › 2 Chronicles 10 › 2 Chronicles 10:15

2 Chronicles 10:15

Se konsa wa a pa t' asepte fè sa pèp la te mande l' la. Sa se travay Seyè a menm ki te vle pou sa li te voye Akija, pwofèt Silo a, al di Jewoboram, pitit Nebat la, rive vre.

Bib La

In The King James Version

So the king hearkened not unto the people: for the cause was of God, that the LORD might perform his word, which he spake by the hand of Ahijah the Shilonite to Jeroboam the son of Nebat.

In Context

14Li reponn yo jan jenn gason yo te ba l' konsèy la. Li di yo: -Papa m' te peze nou anba chay lou, mwen menm, m'ap mete sou chay n'ap pote deja a. Papa m' te bat nou ak fwèt, mwen menm, m'ap pase fwèt la anba sann pou nou.

16Lè pèp Izrayèl la wè wa a pa t' soti pou li fè sa yo te mande l' la, yo reponn wa a, yo di li: -Nou pa gen anyen pou nou wè ak David. Nou pa gen anyen pou n' separe ak pitit Izayi a. Nou menm pèp Izrayèl la, ann al lakay nou! Ann kite pitit David yo degaje yo pou kont yo ak fanmi yo! Se konsa moun pèp Izrayèl la vire do al lakay yo.

Read all of 2 Chronicles 10

Cross References

Judges 14:4Papa l' ak manman l' pa t' konnen se Seyè a ki t'ap pouse Samson fè sa pou l' te ka jwenn yon okazyon gen kont ak moun Filisti yo. Lè sa a, se moun Filisti ki te chèf sou moun pèp Izrayèl yo.

2 Samuel 17:14Absalon ak tout moun peyi Izrayèl yo di: -Konsèy Ouchayi, moun Ak la, pi bon pase pa Achitofèl la. Sa te pase konsa, paske Seyè a te deside pou li pa t' kite yo swiv konsèy Achitofèl la pou malè te ka tonbe sou Absalon.

1 Kings 11:31Lèfini, li di Jewoboam: -Pran dis moso pou ou, paske Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, voye di ou: Mwen pral wete kòmandman peyi a nan men Salomon, m'ap ba ou dis branch fanmi pou ou.

1 Kings 12:24Men mesaj mwen menm Seyè a, mwen voye ba yo: Pa konprann pou n' al atake moun peyi Izrayèl yo. Se fanmi nou yo ye. Tounen lakay nou. Sa ki rive a se travay mwen, se mwen ki vle l' konsa. Moun yo koute lòd Seyè a vre, yo tout al lakay yo jan Seyè a te di yo a.

2 Chronicles 9:29Tout rès istwa Salomon an, depi premye jou li te moute wa a rive jouk dènye jwa a, nou jwenn li nan liv istwa pwofèt Natan, nan liv mesaj Akija, moun lavil Silo a, ak nan liv vizyon pwofèt Ido ki pale sou wa Jewoboram, pitit Nebat la.

2 Chronicles 25:16Amasya koupe l' lapawòl, li di li: -Depi kilè mwen te nonmen ou konseye wa a? Pe la, si ou pa bezwen m' fè yo wonpi ou! Pwofèt la rete sou sa l' t'ap di a, men li di: -Koulye a mwen konnen Bondye pran desizyon pou l' fini avè ou vre, paske ou fè sa ou fè a, epi ou pa vle koute konsèy mwen.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study 2 Chronicles 10:15

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← 2 Chronicles 10:142 Chronicles 102 Chronicles 10:16 →