2 Chronicles 10:6
Woboram menm al jwenn chèf fanmi ki te sèvi konseye pou Salomon, papa l', lè li t'ap viv la, li mande yo: -Kisa pou m' reponn pèp la? Ki konsèy nou ban mwen?
Bib La
In The King James Version
In Context
5Woboram di yo: -Tounen nan twa jou. Lè sa a, m'a ban nou repons. Epi moun yo al fè wout yo.
Cross References
2 Samuel 17:5Absalon di konsa: -Rele Ouchayi, moun peyi Ak la. Ann tande sa li gen pou l' di nou.
Job 12:12Yo di se vye granmoun ki gen konesans, se laj ki bay bon konprann.
Proverbs 12:15Moun sòt toujou konprann sa y'ap fè a byen. Men, moun ki gen bon konprann koute konsèy yo ba yo.
Proverbs 27:10Pa janm bliye zanmi ou, ni zanmi papa ou. Lè zafè ou pa bon, pa al lakay frè ou. Yon bon vwazen pi bon pase yon frè ki lwen.
Jeremiah 42:20Se pi gwo erè nou te fè. Lè nou te mande m' al lapriyè Seyè a, Bondye nou an, pou nou, nou te di m': Lapriyè li pou nou. W'a fè nou konnen tou sa l'a di ou, epi n'a fè l'.