Proverbs 12:15
Moun sòt toujou konprann sa y'ap fè a byen. Men, moun ki gen bon konprann koute konsèy yo ba yo.
Bib La
In The King James Version
The way of a fool is right in his own eyes: but he that hearkeneth unto counsel is wise.
In Context
14Rekonpans yon moun chita sou sa li di ak bouch li. Sa ou fè se sa ou wè.
Cross References
Proverbs 1:5Se pou moun ki gen konesans koute sa ki nan pwovèb yo, pou yo ka mete sou sa yo konnen deja. Se pou moun ki gen lespri koute sa ki nan pwovèb yo, pou yo ka konnen ki jan pou yo mennen bak yo pi byen,
Proverbs 9:9Si ou pale ak yon moun ki gen bon konprann, w'ap fè l' gen plis bon konprann toujou. Plis w'ap moutre yon nonm debyen, plis l'ap mete sou konesans li.
Proverbs 13:10Moun awogan yo toujou ap pouse dife. Men, moun ki koute konsèy, se moun ki gen bon konprann.
Proverbs 14:16Moun ki gen bon konprann pran prekosyon yo, yo egzante malè. Moun sòt yo awogan, yo toujou konprann zafè yo bon.
Proverbs 16:25Chemen ou kwè ki bon an, se li ki mennen ou tou dwat nan lanmò.
Proverbs 21:2Lèzòm mete nan lide yo tou sa y'ap fè dwat. Men, pa bliye, se Seyè a k'ap jije sa ki nan kè yo.