2 Chronicles 11:22
Konsa tou, li te pito Abija, pitit gason Maka te fè pou li a, pase tout lòt pitit li yo. Li mete l' chèf tout frè l' yo. Li te vle se li ki pou pran plas li lè li mouri.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 21:15Sipoze yon nonm ki gen de madanm, gen yonn li renmen plis pase lòt epi tou de madanm yo fè pitit gason pou li. Men, premye pitit gason l' lan twouve se pitit fanm li renmen mwens lan li ye.
1 Chronicles 29:1Lèfini, David pale ak tout moun ki te sanble la yo, li di yo konsa: -Salomon, pitit gason m' lan, se li menm Bondye chwazi, men li jenn anpil, li pa gen esperyans. Travay la anpil, paske se pa yon kay pou moun li pral bati, men yon tanp pou Bondye, Seyè a.