bible.software › Deuteronomy › Deuteronomy 21 › Deuteronomy 21:15
Deuteronomy 21:15
Sipoze yon nonm ki gen de madanm, gen yonn li renmen plis pase lòt epi tou de madanm yo fè pitit gason pou li. Men, premye pitit gason l' lan twouve se pitit fanm li renmen mwens lan li ye.
Bib La
In The King James Version
If a man have two wives, one beloved, and another hated, and they have born him children, both the beloved and the hated; and if the firstborn son be hers that was hated:
In Context
14Si apre sa, rive yon lè nonm lan pa renmen l' ankò, l'a kite l' al fè wout li. Li p'ap ka vann li pou lajan, ni li pa ka aji avè l' tankou yon esklav, paske se fòse li te fòse l' vin madanm li.
16Lè lè a va rive pou l' separe byen l' yo bay pitit li yo, li p'ap ka fè patipri pou l' pran pitit gason fanm li pi renmen an pou l' ba li pòsyon ki pou ale pou premye pitit gason an, pòsyon ki pou pitit gason fanm li renmen mwens lan.
Read all of Deuteronomy 21
Cross References
Genesis 29:18Jakòb te renmen Rachèl. Li reponn Laban: M'ap sèvi avè ou sèt lanne pou Rachèl, dezyèm pitit fi ou la.
Genesis 29:30Jakòb kouche ak Rachèl. Li te renmen l' pi plis pase Leya. Li sèvi ak Laban pandan sèt lanne ankò.
1 Samuel 1:4Chak fwa Elkana te ofri bèt pou Seyè a, li te toujou pran yon pòsyon pou Penina, yon pòsyon pou chak pitit fi ak pitit gason li yo.
This Verse In Other Editions
Study Deuteronomy 21:15