2 Chronicles 12:9
Wa Chichak atake lavil Jerizalèm. Li pran tout trezò ki te nan Tanp lan ak nan palè wa a. Li pran ata gwo plak pwotèj an lò Salomon te fè fè yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 10:16Salomon te fè fè desan (0200) gwo plak pwotèj an fè. Lèfini, li fè kouvri yo chak ak yon kouch lò ki peze kenz liv.
1 Kings 15:18Lè wa Asa wè sa, li pran tout rès bagay an lò ak bagay an ajan ki te rete nan tanp lan ak nan palè a, li renmèt yo nan men kèk moun pa l', li voye yo lavil Damas bò kote Bennadad, wa peyi Siri, pitit gason Tabrimon, pitit pitit Ezyon, ak mesaj sa a:
2 Kings 18:15Ezekyas ba li tout ajan ki te nan Tanp Seyè a ak nan trezò palè a.
Lamentations 1:10Lènmi l' yo vòlò tout bèl bagay li te genyen. Moun Bondye te defann mete pye nan tanp lan, li wè yo antre ata kote yo mete apa pou Bondye a.