2 Chronicles 16:4
Wa Bennadad dakò avèk sa wa Asa te di l' la. Li voye chèf lame li yo al atake lavil peyi Izrayèl yo. Yo pran lavil Ijon, lavil Dann, lavil Abèl Mayim ak tout lavil nan pòsyon tè branch fanmi Neftali a ki te sèvi depo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 14:14Lè Abram vin konnen yo te fè neve l' la prizonye, li sanble tout domestik ki te fèt lakay li yo epi ki te konn goumen. Li pran twasandizwit (0318) antou. Epi li file dèyè wa yo jouk lavil Dann.
Judges 18:28Pa t' gen pesonn pou vin sove moun sa yo anba men moun Dann yo, paske lavil la te lwen peyi Sidon an anpil, lèfini tou, moun yo pa t' mele ak pesonn moun lòt nasyon yo. Lavil la te nan menm fon ak lavil Bètreyòb la. Moun Dann yo rebati lavil la, yo rete ladan l'.
1 Kings 9:19Li rebati tout lavil kote yo te fè depo pwovizyon Salomon yo, lavil pou chwal li yo ak pou cha lagè li yo, ak tou sa li te vle bati ni lavil Jerizalèm, ni nan peyi Liban, ni nan tout lòt peyi ki te sou lòd li yo.
2 Kings 16:9Wa Lasiri a koute l' vre, li moute al atake lavil Damas, li pran l'. Li depòte tout moun ki te rete la, mennen yo lavil Ki, epi li fè touye Rezin.
2 Chronicles 17:12Se konsa, pouvwa Jozafa a t'ap vin pi fò chak jou. Nan tout peyi Jida a, li bati sitadèl ak lavil pou sèvi l' depo.
2 Peter 2:15Yo kite chemen ki dwat la, yo pèdi wout yo nèt. Yo pran swiv chemen Balaram, pitit Bozò a, ki te fè sa ki mal poutèt lajan.