2 Peter 2:15
Yo kite chemen ki dwat la, yo pèdi wout yo nèt. Yo pran swiv chemen Balaram, pitit Bozò a, ki te fè sa ki mal poutèt lajan.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 22:18Men, Balaram reponn moun Balak yo, li di yo: -Balak te mèt ban mwen kay li plen ajan ak lò, mwen p'ap fè anyen, ni lou ni lejè, ki pou fè m' dezobeyi lòd Seyè a, Bondye mwen an.
Numbers 22:28Lè sa a, Seyè a bay bourik la lapawòl. Bourik la di Balaram konsa: -Kisa m' fè ou? Poukisa an twa fwa ou bat mwen konsa:
Deuteronomy 23:4Paske le nou te sou wout nou, apre nou te fin kite peyi Lejip la, yo pa t' ofri nou manje ak dlo. Okontrè, yo te peye Balaram, pitit gason Bejò a, pou l' te soti lavil Petò nan Mezopotami, vin ban nou madichon.
1 Kings 18:18Eli reponn li: -Se pa mwen ki rale malè sou pèp Izrayèl la. Se ou menm ak tout fanmi papa ou yo ki lakòz, paske nou dezobeyi lòd Seyè a te bay, n' al adore zidòl Baal yo.
Nehemiah 13:2Paske moun Amon ak moun Moab yo te refize bay moun pèp Izrayèl yo pen ak dlo lè yo t'ap soti kite peyi Lejip la. Okontrè, yo bay Balaram lajan pou l' te ka madichonnen yo. Men, Bondye fè tou, li vire madichon an, li fè l' tounen benediksyon.
Ezekiel 9:10Enben, mwen p'ap gen pitye pou yo, mwen p'ap fè pa yo. M'ap fè yo peye pou sa yo fè.